Salomon Jean Dieugo, se yon animatè k’ap travay nan radyo TMS+, li anime VIL LA CHO soti lendi pou rive vendredi soti 10è pou bout 1è. Li te fè yon entèviyou avèk Dadou Paskèt kise responsab Magnum Band depi peyi Etazini.
Salomon Jean Dieugo Di nou kòman sa ye avèk Magnum Banb aprè dépa’w nan Tabou Konbo, esplike piblik la kòman sa te ye o kòmansman ?
Dadou Pasquet Ah, Bon n’ap pale de yon bagay ki gen yon ti tan nou te oblije kite Tabou Kombo pou-m te fè Magnum Banb pou-m te kapab ouvè bagay yo mizikalman palan, mwen te bay priyorite ak gita sèlman, mwen pat’ ko gen kibòb, batri, van, tout bagay sa yo, se konsa n’ap gade bagay yo, mwen te vle fè Magnum sou baz.
Epi Tabou fè chemen-l. Alò eksperyans Magnum ak Tabou sa fè 38 an, se te you bèl eksperyans nou ka di.
S.J.D Pami tout eksperyans ou reyalize avèk Magmun Banb ki prestasyon ki rete grave nan memwa ou a ?
D.P Mwen twouve se keksyon ke yo pa poze’m souvan, nou fè you pakèt bagay, bèl prestasyon en Ewòp, Etazini, Anti men sa yo franchman se pi gwo a yo.
S.J.D Magnum Banb reprezante Ayiti nan lemon-n, e nou konnen diskiminasyon rasyal la toujou ekziste, eksplike nou kòman akèy la te ye ?
D.P Monchè se wè pou’w ta wè kòman moun yo reaji envè mizik sa yo, paske Magnum nan se lòt bagay. Nou pa jwe konpa sèlman : salsa, twoubadou, rasin, dyaz… Franchman moun yo reaji tankou moun lakay mwen okay. Alò moun yo apresye Magnum e yo pran swen byen yo, Magnum pa jwen seri de pwoblem sa yo.
S.J.D Pami tout Albòm ou reyalize avèk dyaz la, di nou ki albòm ou te tire you benefis ke ou men-m pèsonèlman ou te satisfè ladan-l.
D.P Ou poze-m yon trè bèl keksyon, mache-a se pa yon mache ki rentab, tout moun konnen sa. Mache a sibi anpil eksplwatasyon, ou konnen biznis sa, mwen rentre ladan jèn.
Fòk mwen di-w èv mwen yo pirate anpil, nan epòk nou pat ka siyen kontra nou fè anpil plak, “muni records, sine records, Geronimo, en brèf nou ka di plak ki te preske rapòte-m se te avèk mak record byen ke nou te gen yon kontra pou 3 zan.
Mwen men-m pèsonèlman mwen pwodwi 3 albòm: Islam, Tèt Ansanm, The best in town, men se toujou nan peyi etranje ke nou al fè profi, men mwen gen you albòm ki pa jan-m sòti. Se yon dosye avoka’m pran an men.
S.J.D Dadou nou wè ou nan sinema tou kounye a ?
D.P Mwen te toujou entérese. Mwen patisipe nan yon pwogram ki rele “ankèt asire” , mwen jwe nan “Kafe o lè”, donk mwen rete ap tann.
S.J.D Dadou Paskèt n’ap fini mena avan si’w ta gen yon dènye mo, se kisa li t’ap ye?
D.P Mwen di’w mèsi paske ou te chwazi pale avèm pou’w kapab enfòme oditè radyo TMS+ yo na Okay.
Epi m’ te vle di moun Okay Dadou toujou avè yo, l’ap tavay pou’l bayo yon Magnum Band ki pi anfòm ke jan yo te konnen’l nan.
Salomon Jean Dieugo, animateur « Vil la Cho » sur la TMS+
Saeldy81@yahoo.fr
Tél : 478-3147